Sèvis Tradiksyon ak Entèpretasyon pou Reyinyon Konsèy Komisyonè yo

Konsèy Komisyonè ki nan Konte Wake la fyè pou anonse nouvo sèvis ki la pou la pou rann pwosesis desiziv yo aksesib ak rezidan soud oswa ki gen difikilte pou tande yo, oswa ki pa kapab li Angle byen.

Kòmanse 1ye out 2023, sèvis sa yo pral disponib ak tout moun ki fè demann pou yo.

Senk (5) lang ki disponib pou tradiksyon yo se senk (5) lang moun ki pa pale Angle yo plis pale nan Konte Wake la dapre Resansman Etazini nan lane 2020.

Sèvis Tradiksyon ak Entèpretasyon yo gratis pou tout moun ki fè demann yo.

Tanpri pou fè demann sèvis sa yo imèl BOCTranslate@wake.gov. Si imèl la pa disponib, tanpri rele 919-856-6180.

Tradiksyon ajannda reyinyon ak rezime pwen enpòtan reyinyon an

Sou demann, ajannda reyinyon regilye yo ak rezime pwen enpòtan reyinyon yo pral tradui ak al jwenn moun ki fè demann lan nan pwochen jou louvrab la. Moun ki fè demann lan dwe presize yon sijè oswa pwen enpòtan reyinyon an. Lòt dokiman — tankou kontra, dyapozitif ak map — pa pral tradui. Sèvis tradiksyon yo disponib sèlman pou reyinyon regilye yo oswa sesyon travay, pa pou reyinyon komite yo.

Lang ki Disponib:

  • Panyòl
  • Arab
  • Fransè (Kreyòl Ayisyen)
  • Vyetnamyen
  • Swayili

Tradiksyon pwosè vèbal reyinyon konsèy la apwouve

Sou demann, reyinyon pwosè vèbal konsèy la apwouve yo pral tradui epi y ap voye l bay moun ki fè demann lan nan senk (5) jou louvrab. Premye vesyon pwosè vèbal la pa disponib. Moun ki fè demann lan dwe presize yon sijè oswa pwen enpòtan reyinyon an. Pa pral tradui tout pwosè vèbal la. Sèvis tradiksyon yo disponib sèlman pou reyinyon regilye yo oswa sesyon travay, pa pou reyinyon komite yo.

Lang ki Disponib:

  • Panyòl
  • Arab
  • Fransè (Kreyòl Ayisyen)
  • Vyetnamyen
  • Swayili

     

Entèprèt la ap prezan sèlman pou reyinyon regilye yo oswa sesyon travay

Depi demann lan fèt yon (1) jou louvrab ann avans, Konte Wake la pral bay yon entèprèt nan reyinyon an pou kapab ede yon rezidan suiv pwosesis yo epi kòmante nan moman konsiltasyon piblik. Entèprèt la ap prezan sèlman pou reyinyon regilye yo oswa sesyon travay. Sèvis entèpretasyon pa disponib pou komite k ap fè reyinyon an.

Lang ki Disponib:

  • Panyòl
  • Lang Siy Ameriken (American Sign Language, ASL)